Mak 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou; 1998 Haïtienne Jan sa ekri nan pwofèt Ezayi a: Men li, m'ap voye mesaje m' lan devan ou. L'a pare wout la pou ou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men kijan pwofèt Ezayi ekri: “Men m ap voye mesaje m nan devan w. L ap prepare chemen an devan w.” |
“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.
Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.”
Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’
Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;
Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.