Mak 1:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li. 1998 Haïtienne Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi. |
Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la.
“Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.
Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.