Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Levitik 9:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Senyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.

Gade chapit la



Levitik 9:12
9 Referans Kwoze  

Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?”


Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.


Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.


Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon òdonans lan.


Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.