Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 9:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 9:9
14 Referans Kwoze  

Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a.


‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li.


“Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la.


Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a.


Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la.


Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.


Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la.


Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la;


Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite