“‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
Levitik 21:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li. 1998 Haïtienne Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l apa pou mwen. Li pa fèt pou l fè bagay ki pou mete l nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l derespekte kay yo mete apa pou Bondye a. Li pa fèt pou l kite kay Bondye a pou l al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l osinon manman l ki mouri a. Se mwen menm ki Senyè a! |
“‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
“‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou.
Li pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li.
“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.
Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.