Lamantasyon 3:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Dlo yo te koule depase tèt mwen. Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”! 1998 Haïtienne Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m pran! |
Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.
Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen, ni fon an vale m, ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.
Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’
Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.