Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jowèl 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Se pou nou pa konprann anyèn, O kiltivatè yo! Rele anmwey, O nou menm k ap okipe pye rezen yo! Ble ak lòj la te peri nèt; rekòlt chan an fin detwi.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Kiltivatè pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden yo ap plenn Paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt pèdi nèt.

Gade chapit la



Jowèl 1:11
8 Referans Kwoze  

Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.


Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.


Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.


Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?


“Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’


Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di : “Va gen gwo lamantasyon tout kote e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’ Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy, yo va peye moun pou l fè lamantasyon.


Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen a ki te bay a nou menm nan.