Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.
Jonas 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.” 1998 Haïtienne Men, Bondye mande l konsa: — Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: — Wi. Mwen gen rezon fache. M fache pou m mouri. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?” Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!” |
Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.
O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou, èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone, oswa wòch la deplase nan plas li?
Pa kite riches ou mennen ou nan lakòlè, ni pa kite gwosè sa a kap vèse sou tab fè ou vire akote.
Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit.
Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.
Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.
Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.