Jid 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. 1998 Haïtienne Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pwòp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pat kwè yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo. |
Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a,
Paske kilès ki te fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje,
Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.