Jeremi 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 1998 Haïtienne Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa: |
Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan),
“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”