Yon sechrès sou dlo li yo, e yo va vin sèch nèt! Paske se yon peyi imaj taye, e yo fou pou zidòl sa yo.
Jeremi 51:52 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va fè jijman sou zidòl taye yo. Konsa, sila ak blesi mòtèl yo va plenyen nan tout peyi li a. 1998 Haïtienne Enben, men sa Senyè a di ankò: Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo. Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn. |
Yon sechrès sou dlo li yo, e yo va vin sèch nèt! Paske se yon peyi imaj taye, e yo fou pou zidòl sa yo.
Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini zidòl taye a Babylone yo. Konsa, tout peyi li a va vin wont, e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.
Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò.