Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:47 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

47 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini zidòl taye a Babylone yo. Konsa, tout peyi li a va vin wont, e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

47 Men jou yo rive pou m regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:47
13 Referans Kwoze  

Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout imaj a dye li yo kraze atè.”


Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou.


Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou— konsi, se nou menm ki te enstwi yo— ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou? Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?


Epi pou pwofèt la, prèt la oswa pèp la ki di: ‘Pòt pawòl SENYÈ a’, Mwen va mennen pinisyon sou moun sila a ak lakay li.


“Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan.


“Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’


Yo san valè, yon zèv pou moke moun; nan tan pinisyon yo, yo va peri.


“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.


Vil li yo te devni yon objè degoutan e lèd, yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kote moun pa viv e pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.


“Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va fè jijman sou zidòl taye yo. Konsa, sila ak blesi mòtèl yo va plenyen nan tout peyi li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite