Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
Jeremi 50:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, jennonm pa l yo va tonbe nan lari; e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ a. 1998 Haïtienne Se poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. |
Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
Moab fin detwi nèt, e moun fin monte kote vil li yo; anplis, jenn mesye pi chwazi li yo fin tonbe nan gwo masak,” deklare Wa a, ki pote non a SENYÈ dèzame yo.
Konsa, jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ dèzame yo.
Yon nepe kont moun anfle yo; yo va devni moun fou! Yon nepe kont mesye pwisan li yo; yo va twouble nèt!
Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.
pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”
Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn.