Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 49:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mwen va mete dife nan miray Damas lan e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la.

Gade chapit la



Jeremi 49:27
7 Referans Kwoze  

Akoz sa, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël, e Li te livre yo nan men a Hazaël, wa Syrie a ak nan men a Ben-Hadad, fis a Hazaël la.


SENYÈ a te bay Israël yon liberatè. Konsa, yo te chape anba men Siryen yo. Konsa, fis Israël yo te viv nan tant yo, kòm oparavan.


Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite.


Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.”