Vòl a yon èg nan syèl la, pa sèpan an sou wòch, chemen gwo bato a nan mitan lanmè, ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
Jeremi 48:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole rapid tankou èg e lonje zèl li ouvri kont Moab. 1998 Haïtienne Men sa Senyè a di ankò: — Tankou yon malfini, yon lènmi ap plannen ak zèl li yo gran louvri sou Mowab. |
Vòl a yon èg nan syèl la, pa sèpan an sou wòch, chemen gwo bato a nan mitan lanmè, ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.
Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel!
Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!
Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
Sila ki te kouri dèyè nou yo te pi vit pase èg k ap volè anlè. Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo. Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.
Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.
“Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.
Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.
“SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann,