Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.
Jeremi 48:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.” 1998 Haïtienne Yo fini ak peyi Mowab! Plenn sò li. Mowab pèdi pye, li wont. Tout nasyon ki nan vwazinay li yo ap pase l nan rizib, yo tout sezi wè sa ki rive l. |
Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.
Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li, menm nou menm tout ki te konnen non li, di: ‘Gade kijan gwo fòs baton wayal la fin kase, yon baton ki te tèlman bèl!’
A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!
Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.