SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di: “Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
Jeremi 48:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li, menm nou menm tout ki te konnen non li, di: ‘Gade kijan gwo fòs baton wayal la fin kase, yon baton ki te tèlman bèl!’ 1998 Haïtienne Nou menm, vwazen l yo, plenn sò li! Nou tout ki te konnen jan l te ye a, nou mèt di: Gade jan yo kraze gwo pouvwa li a! Bèl baton kòmandman ki te nan men l lan disparèt. |
SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di: “Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren.
Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a.
Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.
“A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.”