Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”
Jeremi 46:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’ 1998 Haïtienne Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l: Paladò. Li kite lè a pase! |
Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”
Epi wa Israël la te reponn li: “Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.”
Alò, li te di: “Si yo sòti pou fè lapè, pran yo vivan; oswa si yo te sòti pou fè lagè, pran yo vivan.”
Ou te soufle avèk van Ou. Lanmè a te vin kouvri yo. Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”
Alò, Ejipsyen yo se moun. Se pa Bondye. Cheval yo se chè; se pa lespri. Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; sila k ap bay sekou a va glise tonbe. Sila ki resevwa sekou a va tonbe, e yo tout va rive fini ansanm.
Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’
“‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo. “‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”