Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 15:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 15:9
15 Referans Kwoze  

Benjamin se yon lou voras; nan maten li va devore sa ke li kenbe, e nan aswè, li va divize piyaj la.”


Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo, e mwen te detwi yo. Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.


Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”


Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”


Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?”


Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.


Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”


Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.


Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’


Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore malere an sekrè yo.


Men lè yon moun avèk plis fòs pase l vin atake l, li bat li, e li retire nan men li tout zam li yo, pou l vin divize piyaj la.


‘Èske se pa ke yo te jwenn, ke y ap divize piyaj la? Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse, piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’


David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite