Jeremi 45:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.” 1998 Haïtienne Enben, men mesay Senyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Senyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. M'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè! |
Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin. Yo grandi. Wi, yo fè fwi. Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.
Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a.
Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an, konsi se yon tonèl jaden. Li te detwi kote ke Li menm te deziye pou asanble yo. SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo, e Li te meprize ni wa a, ni prèt la nan gwo kòlè Li a.
Pou sa, gade byen, Mwen va atire li mennen li antre nan dezè a pou pale dous avèk li.
“Li va rive ke menm jan SENYÈ a te fè kè kontan sou nou pou fè nou pwospere e miltipliye nou an; konsa, SENYÈ a va fè kè kontan sou nou pou fè nou peri e detwi nou. Nou va chire sòti nan tè ke nou ap antre pou posede a.