Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 45:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 ‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Senyè a mete lafliksyon sou traka m te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 45:3
28 Referans Kwoze  

Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.


Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.


Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.


Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.


Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.


Kite tout mechanste yo vini devan Ou. Konsa, aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan, pou tout transgresyon mwen yo. Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil e kè m vin fèb nèt.


Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Tristès Mwen depase gerizon; kè M fennen anndan m!


Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.


Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!


Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.


Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.


Mwen toujou gen konfyans sa a: ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.


Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.


Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon. Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.


Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc:


Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite