Jeremi 44:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda. 1998 Haïtienne Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a. |
Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’
“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”
Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo.
“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’
Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.
Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.