Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.
Jeremi 4:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la? 1998 Haïtienne Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a? |
Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.
Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem.
Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a.
Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.
Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman.
“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”
epi di: “Non, men nou va ale nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;”’
“Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon.