Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa?
Jeremi 37:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an? 1998 Haïtienne Apre sa Jeremi mande wa a: — Sa mwen fè ou, sa m fè chèf ou yo, sa m fè pèp la pou ou mete m nan prizon? |
Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa?
“‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’”
Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”
Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.
Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”
Men mwen te twouve ke li pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.
Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”
Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”