Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Jeremi 32:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou te di mwen, O Senyè BONDYE, ‘Achte pou ou menm chan an ak lajan; rele temwen yo’ —malgre vil la fin bay nan men a Kaldeyen yo.” 1998 Haïtienne Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Senyè Bondye, ou ban m lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen? |
Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”
Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’
“Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l.
Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’
“Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’ “Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a.
Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.
Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.”