Èske ou konnen tout règleman syèl la, oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
Jeremi 31:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a: “Alò desandan Israël yo osi va sispann kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.” 1998 Haïtienne Toutotan prensip sa yo va kenbe, se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. |
Èske ou konnen tout règleman syèl la, oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan. Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lezòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.
Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klere ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.
O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”