Jeremi 31:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.” 1998 Haïtienne Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouray. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo. |
Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.
Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans, e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.
Mwen va bay yo manje nan yon bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo.
“Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo.
Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”
Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.