Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
Jeremi 29:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” 1998 Haïtienne — Voye mesay sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Senyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l. Li fè nou bwè yon bann manti. |
Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
Mwen pa t voye pwofèt sila yo, men yo te kouri. Mwen pa t pale ak yo, men yo te fè pwofesi.
Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo.
Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.