Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Pyè 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk dirèktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.

Gade chapit la Kopi




2 Pyè 2:1
73 Referans Kwoze  

Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”


Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.


Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou.


Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’?


Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo; yo tout se voras dèyè richès. Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la. Tout se malonèt.


Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.


Yon pwofèt veye sou Éphraïm avèk Bondye mwen an. Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo, e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.


Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.


Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”


Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.


Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè.


Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.


Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.


“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.


Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.


men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.


Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.


“Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèk fo pwofèt yo.


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.


Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.


Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm.


Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.


Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”


Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo.


idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon


Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,


Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;


se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?


ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.


Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li,


Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.


Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.


Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.


ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.


Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon.


Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?


Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa


Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.


Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon.


Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.


ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.”


Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.


E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.


Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.


Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.


Mwen konnen zèv nou yo. Gade byen, Mwen mete devan nou yon pòt louvri ke pèsòn pa kab fèmen, paske nou gen yon ti pouvwa, epi nou te kenbe pawòl Mwen, e pa t nye non Mwen.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite