Jeremi 28:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè Hanania te fin kase jouk a sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di: 1998 Haïtienne Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa: |
Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.
nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo.