Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Lè Senyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 1:2
18 Referans Kwoze  

Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.


Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di:


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”


Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:


Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an;


“Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.


Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.


Alò, pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.


Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”


Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.


Alò, nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di:


Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.


Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè Hanania te fin kase jouk a sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di:


Pawòl SENYÈ a te vin kote Joël, fis a Pethuel la.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite