Jeremi 26:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi yo te mennen Urie soti an Égypte, te fè l rive kote wa Jojakim ki te touye l ak yon nepe e te jete kadav li nan simityè endijan yo. 1998 Haïtienne Yo pran Iri nan peyi Lejip, yo mennen li bay wa a. Li fè yo touye li. Lèfini, yo antere li nan menm fòs yo antere endijan yo. |
“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”
Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladan; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.
Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo. Li te devni yon jenn ti lyon. Li te aprann jan pou kenbe viktim li. Li te devore moun.
Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun.
Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete—
Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo.