Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 22:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Y'ap antere l tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 22:19
13 Referans Kwoze  

Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt.


Jojakim te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye onzan Jérusalem. Non manman li te Zébudda, fi a Pedaja a nan Ruma.


Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.


Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo.


Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone.


Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.”


“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.


‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.


Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


Nasyon yo te atake li tout kote soti nan pwovens yo. Yo te ouvri filè yo sou li. Li te vin kaptire nan twou fòs yo.


Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite