Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.
Jeremi 25:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tande kri a bèje yo, ak plent a mèt bann mouton yo. Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo, 1998 Haïtienne Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Senyè a pral ravaje peyi yo. |
Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.
Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo; rele anmwey! Woule kò nou nan sann, nou menm ki mèt a bann mouton yo; paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive, e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou.
Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo! Paske glwa gran fore yo fin detwi; yon vwa jenn lyon k ap gwonde a! Paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt.