Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 23:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se poutèt sa mwen pral regle ak pwofèt yo k'ap pran pawòl yonn nan bouch lòt, pou fè l pase pou mesay mwen.

Gade chapit la



Jeremi 23:30
14 Referans Kwoze  

Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.


Gade byen, Mwen kontra ou, O sila ki rete nan ba plèn nan,’ deklare SENYÈ a. ‘Nou menm k ap di: “Se kilès k ap desann kont nou?” Oswa, “Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?”


“Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’.


“Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda.


“‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’


Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo.


Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a.


Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo.


Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an.


Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.


Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’


SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.


Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”