Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’
Jeremi 22:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’ 1998 Haïtienne Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Senyè a fè gwo lavil sa a sa? |
Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’
Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;
epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.
Wa latè yo pa t kwè, ni okenn abitan nan mond lan, ke advèsè ak ènmi an ta ka antre nan pòtay Jérusalem nan.
Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè anyen san koz,” deklare Senyè BONDYE a.
Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe.
Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—
Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo.