Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 40:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Kounyeya sa li te di li t'ap fè a, li fè l. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Senyè a, yo pat vle koute l.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 40:3
12 Referans Kwoze  

Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,


Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.


SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.


“Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’


“Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a.


Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.


Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’


SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


“Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite