Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a, ni okenn moun ki rete kote li te demere.
Jeremi 22:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa pale SENYÈ a: “Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’, yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo. Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi, ni k ap chita sou twòn David la, ni gouvène ankò nan Juda.” 1998 Haïtienne Nonm sa a kondannen pou l pèdi tout pitit li yo, pou l pa janm wè zafè l mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fòtèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò. |
Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a, ni okenn moun ki rete kote li te demere.
Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.
Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”
Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo.
Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”
‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.
Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla.