Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a.
Jeremi 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a. 1998 Haïtienne Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Senyè a, Bondye a, ki di sa. |
Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a.
Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.
Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a peyi sanglan sila a, a chodyè nan sila gen lawouy ladann l! Lawouy la ki pa sòti ladann l! Retire ladann mòso pa mòso, san menm tire oso.
SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.