Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
Jeremi 19:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa pale SENYÈ a: “Ale achte yon po kanari nan men mèt krich la. Pran kèk nan ansyen a pèp yo, ak kèk nan prèt prensipal yo. 1998 Haïtienne Senyè a di m konsa: — Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou. |
Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
Lè l vin kraze, l ap tankou po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.”
Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri, e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’
Pyè presye a fis a Sion yo; ki gen valè kon lò fen, gade kijan yo konsidere kon veso tè, travay a potye a!
“Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon moso mozayik. Mete l devan ou e desiyen yon vil sou li, menm Jérusalem nan.
“Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a.
Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.
Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a.
Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.
Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.
Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”
Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.