Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 19:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, ale deyò nan vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 W'a sòti lavil la, w'a pase nan Pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesay m'a ba ou a.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 19:2
19 Referans Kwoze  

Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò.


Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la.


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.


Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.


Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.


“Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”


Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.


“Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!


Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo.


“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”


Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.


Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.


Apre yo menm, Tsadok, fis Immer a, te fè reparasyon yo devan lakay li. Epi apre li, Schemaeja, fis a Schecania a, gadyen Pòtay lès la te fè reparasyon yo.


“Leve desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite