Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.
Jeremi 15:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou menm ki konnen, O SENYÈ, sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo. Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt; rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch. 1998 Haïtienne Lè sa a mwen di: — Ou menm, Senyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m non! Vin pote m sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gentan touye m. Chonje se poutèt ou y'ap joure m konsa! |
Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.
epi pou ofran founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.
Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
Mwen te di: “O Bondye mwen an, pa rache m nan mitan jou mwen yo. Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen. Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
Men Ou konnen mwen, O SENYÈ. Ou wè mwen. Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm. Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa; mete yo apa pou jou gwo masak la.
Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.
Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.
Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout manèv mòtèl yo kont mwen yo. Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou. Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou. Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!
Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki sonde moun dwat yo, ki wè panse ak kè a; kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.
Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò; mwen pwoklame vyolans ak destriksyon! Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch. Mwen pase nan rizib tout lajounen.
“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.
Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?
Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”
Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”