Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 14:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Akoz tè sèch la vin fann, akoz pa t gen lapli sou peyi a; kiltivatè yo te vin wont. Yo te kouvri tèt yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt.

Gade chapit la



Jeremi 14:4
10 Referans Kwoze  

Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”


Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.


Se pou nou pa konprann anyèn, O kiltivatè yo! Rele anmwey, O nou menm k ap okipe pye rezen yo! Ble ak lòj la te peri nèt; rekòlt chan an fin detwi.


Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo. Depo yo vin abandone. Kay depo yo fin demoli nèt, paske sereyal la vin sispann nèt.


“Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.


Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen, deklare SENYÈ a.


Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.