Jeremi 13:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan. 1998 Haïtienne — Men ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo. |
Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.
SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.
Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a;
“Nou konn tande afè ògèy Moab la. Li vrèman ògeye nan ensolans li, ògèy li, awogans kè li, ak leve pwòp tèt li byen wo.
Konsa, yo te plen ògèy e te komèt abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa.
Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz.
Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.
Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.
“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".