Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l jouk kounyeya.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:18
27 Referans Kwoze  

ki te kenbe avèk sèvitè Ou, papa m, David, sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite Ou te pale avèk bouch Ou e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye nan jou sila a.


Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a.


Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.


Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.


Gade byen, nou vin esklav yo jodi a, epi pou teren ke Ou te bay a zansèt Nou yo, pou manje fwi avèk bonte li, Gade byen, nou vin esklav ladann yo.


Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di. Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.


Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen, ki fè jij latè yo vin san sans.


Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.


Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”


Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di:


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.


Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.


Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”


gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a.


Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo. Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo.


Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, e li va devore palè a Jérusalem yo.”


“Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


“Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li.


Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite