SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.
Jeremi 12:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas? Èske gen zwazo voras kont li tout kote? Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo. Mennen yo pou yo ka devore! 1998 Haïtienne Pèp ki te rele m pa m lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a! |
SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.
Ògèy a lòm va vin bese e wotè a lòm va vin imilye. E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.
Jenn lyon yo gwonde sou li; ak gwo bri yo leve vwa yo. Yo te fin gate peyi li nèt. Vil li yo brile nèt. Pa gen moun ki pou rete ladann.
Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale.
Sion lonje men l ouvri nèt. Nanpwen ki pou konsole l. SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob, ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.
Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni manje pou tout bèt sovaj nan chan a, e yo te vin gaye nèt.
Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.