SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.
Jeremi 10:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tout moun se ensanse, san konesans. Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li; paske imaj fonn li se desepsyon. Nanpwen souf nan yo. 1998 Haïtienne Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo. |
SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.
Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont, ki vin ògeye sou zafè zidòl yo. Adore Li, tout dye yo.
“Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo e ki di a imaj fonn yo: ‘Se nou menm ki dye pa nou’, va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.
Gade byen, tout zami l yo va vin wont, paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm. Kite yo rasanble yo menm, kite yo kanpe, kite yo tranble, kite yo tout ansanm vin wont.
Yo va desi, imilye menm, yo tout. Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”
Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.