Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 8:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt.

Gade chapit la



Jenèz 8:5
4 Referans Kwoze  

Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.


Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.


Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la.


Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a.