Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 7:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Jou ki fè Noye sisanzan (600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 7:11
27 Referans Kwoze  

Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.


“Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.


Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.


Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch.


Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.


Epi ofisye wayal la te reponn nonm Bondye a e te di: “Alò gade byen, Si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske yon bagay konsa ta kab rive?” Epi li te di: “Gade byen, ou va wè li avèk pwòp zye pa ou, men ou p ap manje ladann.”


Ofisye wayal la sou men a sila wa a te apiye a te reponn nonm Bondye a. Li te di: “Gade byen, menm si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske bagay sa a ta kab rive?” Konsa, Élisée te reponn: “Gade byen, ou va wè l ak pwòp zye pa w, men ou p ap manje ladann.”


Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.


Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete, kote ki bliye nèt pa pye moun. Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.


“Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?


Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès, oswa vide gwo krich dlo syèl yo,


Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.


Ou te fè pete sous ki koule dlo fre. Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.


Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze.


Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble.


Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Lè vwa L sone, yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo, e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo. Li fè loray pou lapli, e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.


“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou,


Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.


Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la.


Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.


Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite