Jenèz 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la. 1998 Haïtienne Noye fè tou sa Senyè a te ba li lòd fè a. |
Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.
Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”
Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.